Anons
ofisyèl Prezidan Konsèy pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken apre seyans espesyal
Konsèy pèmanan an sou sitiyasyon Ayiti a
jou
ki 30 avril 2003 a
Konsèy pèmanan an pran nòt avèk anpil rekonesans sou rapò Misyon
espesyal
pou
ranfòsman demokrasi ann Ayiti a (Misyon espesyal la)
te fè sou rezilta vizit Delegasyon wo nivo OEA/CARICOM nan ki te
reyalize jou ki te 19 ak 20 mas 2003.
Konsèy la kontan dèske manm enpòtan Delegasyon sa a kapab la nan
seyans jodi a apre l te fin etidje deklarasyon ak rekòmandasyon Delegasyon an.
Konsèy la pran nòt tou sou konsansis Delegasyon an rive jwenn sou zafè
sa a, sètadi menm si Gouvènman ayisyen an pran yon seri mezi, malerezman li pa
pran kèk nan mezi ki te pi enpòtan pou Delegasyon an oswa sa li pran yo pa pèmèt
kreye yon klima konfyans tout bon nan jan lip ran yo a.
Dapre Konsèy la, mezi delegasyon an te prezante bay Gouvènman ayisyen
an jou ki te 20 mas la epi ki gen arevwa ak rezolisyon 806 ak 822 (Anèks C nan
Rapò Misyon espesyal la) yo la pi fèm toujou epi yo mande Gouvènman an aji
vit e san pran tan. Nan tout mezi sa
yo ki enpòtan anpil anpil , nou kapab site: ramplase kèk moun nan tèt polis
la epi rann li pwofesyonèl dapre konsiltasyon avèk Misyon espesyal 0EA a;
arete Amyot Métayer pou fini ak enpinite l ap afiche a, epitou pran tout mezi
yo te pwomèt konsènan afè dezameman an. Se repons inadekwa Gouvènman ayisyen
an bay sou pwen esansyèl sa yo ki reprezante pi gwo obstak pou tabli yon klima
konfyans epi pou fè demokrasi a vanse nan peyi Dayiti.
Nan kout kat la, Konsèy pèmanan an
gen kè sote paske sosyete sivil la ak Konvèjans demokratik la
pa bay asirans li t ap chèche a konsènan patisipasyon yo nan Konsèy
elektoral pwovizwa a (KEP) sitoutfwa Prezidan Aristid te adopte bonjan mezi yo
te prezante ba li yo. Kidonk, Konsèy
la jije pwen Delegasyon an te prezante bay sosyete sivil la ak Konvèjans
demokratik la (nan anèks D Rapò espesyal Misyon an) kenbe la pi rèd.
Nan non konsèy la, mwen di e m ap redi
ke kominote entènasyonal la p ap soutni okenn jefò pou jete Prezidan Dayiti a
avèk zak vyolans nan lari ni lòt kalite zak oswa lòt mezi ki pa siye avèk
zafè demokrasi. Se nan eleksyon libelibè moun ka jwenn epi pran dwa pou gouvène.
Konsa, Konsèy Pèmanan an kwè li enpòtan anpil pou Gouvènman ayisyen
an, sosyete sivil la ak Konvèjans demokratik la pran yon seri mezi
pou fasilite kreyasyon yon KEP endepandan, san fòs kote epi kredib; yon
fason pou pèmèt peyi Dayiti mete sou pye pwosesis elektoral li a nan nivo
lejislatif ak nivo lokal. Lè sa a,
KEP a ki santi li kapab konte sou sipò kòmsadwa Ayisyen konsekan (ki gen wòl
yo pou yo jwe nan eleksyon an) ak sipò kominote entènasyonal la ke Misyon
espesyal la ap koòdone, ap ka pran desizyon ki nesesè pou mennen bak eleksyon
yo.
Konsèy la apiye ak tout fòs li tout jefò pouf è vin pi djanm Misyon
espesyal pou ranfòsman demokrasi ann Ayiti a, jan manda rezolisyon KP/RES. 806
ak 822 yo fè l la prensipalman nan kat (4) pwen santral sa yo : sekirite (san
bliye dezameman), jistis, dwa moun ak gouvènans. Nan sans sa a, Konsèy la apiye Tèm
referans yo (ki nan
anèks
dezyèm ak twazyèm rapò Sekretè
jeneral te bay apre rezolisyon 822 a) ansanm ak sa ki di sou deplwaman Ofisye
polis entènasyonal, dapre jan lwa ak pwosedi OEA mande pou yo fè l la.
Dapre Konsèy la, lè gouvènman an ap aplike tout bon vre mezi ak
aktivite ki dekri nan Tèm referans yo, se lè sa a sèlman lap reyisi montre pèp
ayisyen an ak kominote entènasyonal la veritab pwogrè li reyalize pou amelyore
klima sekirite nan peyi Dayiti ak ranfòsman enstitisyon demokratik yo.
Konsèy la pran nòt tou sou pwomès Inyon ewopeyèn fè sou patisipasyon
l nan pwogram èd teknik pou polis ayisyen an ak sistèm jistis la, depi otorite
yo ba li garanti lòd, sekirite ak respè dwa tout moun pral tabli nan peyi a.
Konsèy la rann li kont tou avèk anpil enkyetid kriz imanitè ki tabli
sou Ayiti epi li akeyi avèk anpil satisfaksyon pwogram entegre Sistèm
Nasyonzini te lanse jou ki te 22 avril 2003 a pou reponn bezwen ijan popilasyon
ki frajil, ansanm avèk yon pwogram don san rete OPS ofri pou lite kont SIDA.
Konsèy la akeyi avè kontantman pwogram èd alimantè peyi etazini,
Kanada ak lòt manm ki nan Gwoup peyi zanmi Ayiti yo.
Konsèy la rete kwè kanmenm ke peyi an ta bezwen plis èd imanitè
toujou. Se avèk anpil plezi li
resevwa anons peyi Etazini fè sou lòt resous imanitè li pral voye.
Men Ayiti bezwen plis pase yon èd imanitè.
Se pou sa Konsèy la kontan travay ki kòmanse antreprann nan kad
paragraf 11 rezolisyon 822 a. An
plis, Konsèy la pran nòt sou asirans Bank entèrameriken pou devlopman (BID)
bay sou operasyon prete lajan ki pral rekòmanse yon fwa aryere yo fin peye.
Se nan menm lide sa a, Konsèy la pran nòt ke pou ede Ayiti
peye aryere li dwe, yon nan gwo kondisyon enstitisyon entènasyonal kap fè
finansman yo poze pou prete peyi yo kòb, plizyè peyi KARIKOM anonse yo pral ede Ayiti
peye aryere l yo avèk BID. Natirèlman,
anons sa yo depann de konklizyon peyi Dayiti ap rive jwenn avèk Fon Monetè Entènasyonal
(FMI) konsènan negosiyasyon y ap mennen koulye a.
Konsèy la rann li kont tou ke Ayiti ap bezwen plis èd lajan pou li rive
peye nèt tout aryere li yo. Li rann
li kont de angajman peyi Dayiti pran pou li travay nan sans sa a avèk tout
enstitisyon finansman entènasyonal yo youn apre lòt.
Premye etap
nan angajman sa a yo ta dwe yon
aranjman avèk BID.
Konsèy la fè konnen li kwè tout bon vre se
transparans nan fason otorite yo ap mennen ekonomi peyi a ki pral pèmèt Gouvènman
Ayisyen jwenn lòt akò avèk enstitisyon entènasyonal finansman yo epitou avèk
lòt donatè ankò.
Pou fini, mwen konnen se opinyon
tout konsèy la mwen bay lè m envite Gouvènman ayisyen
an ansanm ak lòt Ayisyen ki gen arevwa nan zafè sa a pou yo ranpli wòl
yo toutbon vre nan yon lespri kooperasyon ak reskonsablite. Mezi pozitif epi reyèl
yo pran oswa yo pa pran pral ede peyi sa a yo ki manm Konsèy Pèmanan an pou yo
chwazi avèk pridans ak bonsans ki kalite enstriman yap aplike pou ede tout
Ayisyen rezoud kriz politik la pami tout enstriman Sistèm entèameriken an
prevwa pou pwoteje demokrasi nan peyi Amerik yo.
Lò yo pran mezi sa a yo, sa pral bay kominote entènasyonal la mwayen
pou yo soutni devlopman demokratik , politik, ekonomik ak sosyal peyi Dayiti ki
se youn nan manm fondatè OEA.
Desizyon Asanble General OEA k ap fèt
nan Santiago (Chili) soti 8 pou rive 10 Jen k ap vin la a pral pran sou bagay sa
a yo pral chita sou mezi yo pran nan peyi d Ayiti ak sou repons kominote entènasyonal
la bay. |