GAD DEVAN

An’n gad devan
An’n panse’oun lòt jan
An’n respekte sa ki nan lòt ran
An nou sonje kot zensèt yo pase
An’n evite kote yo tonbe
Woule tanbou


Danse yanvalou
Taye banda, pa pè madigra
Simen lanmou, fè’l donnen toupatou
Se lape n’ap mande !

 An nou soti nan penitans sa, mesye
An nou fini’ak chen manje chen sa, mesye
Tout atis reyini pou chante Ayiti
Sa k’ap fè politik ta dwe panse peyi

An nou soti nan penitans sa, mesye
Anou fini’ak chen manje chen sa, mesye
Pou’n bati Ayiti fò’n fè lapè tabli
Nan site, nan mòn, nan ravin

Bwase lide
Jwen laverite
Toujou kanpe pou kòz libète
Kot timoun yo? si gen Lespwa se yo
Edike yo, met lavi nan men yo
 An’n gad devan

An’n viv yon lòt jan
Pou depi tan’an, li lè pou’n vini gran
Pote kole ak sa ki vle mache
Tolerans n’ap mande !

Rele anmwe

Bat chalbari dèyè tout sa’k anpeche’n vanse

Bethova Obas

Février, 2006

 

[ Mission Spéciale ] [ Droits humains ] [ Justice ][ Gouvernance ] [ Sécurité ] [ Désarmement ] [ Élections en Haïti ] [ Communiqués ]        [ Discours ][ Résolutions  ] [ Rapports ] [ Documents ] [ À propos de l'OEA ]  [ Liens
[ Page du Siège de l'OEA sur la situation en Haïti ]
flags.gif (8699 bytes)

© 2006. Organisation des États Américains en Haïti. Droits d'auteur.